Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 54

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm

a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?”

Sove mwen, O Bondye, ak non Ou

e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.

Koute lapriyè mwen, O Bondye. 1

Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.

Paske etranje yo fin leve kont mwen.

Moun vyolans yo te chache lavi mwen.

Yo 2pa t mete Bondye devan yo.

Gade byen, Bondye se èd mwen.

SENYÈ a se 3soutyen a nanm mwen.

Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo.

Detwi yo 4nan fidelite Ou. 5

Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.

Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.

Paske Li te 6delivre mwen nan tout twoub.

Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.

Source notes (6)
  1. Cross-reference Sòm 5:1
  2. Cross-reference Sòm 36:1
  3. Cross-reference Sòm 37:17-24
  4. Cross-reference Sòm 89:49
  5. Cross-reference Nonb 15:3
  6. Cross-reference Sòm 34:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.