Bib Sen An
Sòm Yo 53
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David
Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.
Yo konwonpi!
Yo fè zak enjis ki abominab. 1
Nanpwen ki fè sa ki bon.
Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,
pou wè si genyen 2youn ki gen bon konprann, k ap chache Bondye. 3
Yo tout te vire akote.
Ansanm yo vin konwonpi.
Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,
k ap 4manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,
epi ki pa rele Bondye?
La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,
paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.
Ou te fè yo vin wont, akoz 5Bondye te rejte yo.
O ke 6delivrans Israël ta parèt sòti Sion!
Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,
kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.
Source notes (6)
- Cross-reference Wo 3:10
- Cross-reference Wo 3:11
- Cross-reference Wo 3:12
- Cross-reference Jr 4:22
- Cross-reference II Wa 17:20
- Cross-reference Sòm 14:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.