Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 52

Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”

Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan?

Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.

Lang ou envante destriksyon,

tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.

Ou 1renmen mechanste plis pase sa ki bon.

Fo bagay plis pase pale verite a.

Ou renmen tout pawòl ki devore,

yon lang 2mantè.

Men Bondye va kase fè ou desann nèt;

Li va kenbe ou byen vit e 3chire fè ou

sòti nan tant ou an,

Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan

Moun dwat yo va 4wè, va gen lakrent;

yo va ri sou li epi di:

“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,

men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.

Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”

Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.

Mwen mete 5konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a

pou tout tan e pou tout tan.

Mwen va 6bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa.

Mwen va mete espwa nan non Ou,

paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.

Source notes (6)
  1. Cross-reference Sòm 36:4
  2. Cross-reference Sòm 120:3
  3. Cross-reference És 22:18-19
  4. Cross-reference Sòm 37:34
  5. Cross-reference Sòm 13:5
  6. Cross-reference Sòm 30:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.