Bib Sen An
Sòm Yo 51
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou, 1
efase transgresyon mwen yo.
Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.
Peche mwen yo devan m tout tan.
Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, 2Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va 3fè m konnen sajès.
Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.
Lave mwen e mwen va 4pi blan ke lanèj.
Fè m tande lajwa avèk kè kontan,
pou 5zo ke Ou te kase yo, vin rejwi. 6
Kache figi Ou de peche m yo.
Efase tout inikite mwen yo.
Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,
epi refè yon lespri ki 7dwat anndan m.
Pa jete mwen lwen prezans Ou e
pa retire 8Lespri Sen Ou an sou mwen.
Restore nan mwen lajwa sali Ou a.
Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,
e 9pechè yo va konvèti a Ou menm.
Delivre mwen de 10koupabilite san vèse a,
O Bondye, Bondye a sali mwen an.
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa
selon ladwati a Ou menm nan.
O Mèt mwen an, 11ouvri lèv mwen
pou m kab deklare lwanj Ou.
Paske Ou 12pa pran plezi nan sakrifis.
Otreman, mwen ta bay li.
Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
Sakrifis a Bondye yo se yon 13espri ki kraze.
Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,
Ou p ap meprize l.
Avèk 14bonte Ou, fè byen pou Sion.
Bati miray a Jérusalem yo.
Konsa, Ou va rejwi nan 15sakrifis ladwati yo,
nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo.
Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.
Source notes (15)
- Cross-reference Sòm 51:9
- Cross-reference Wo 3:4
- Cross-reference Pwov 2:6
- Cross-reference És 1:18
- Cross-reference Sòm 35:10
- Cross-reference Jr 16:17
- Cross-reference Sòm 78:37
- Cross-reference És 63:10-11
- Cross-reference Sòm 22:27
- Cross-reference II Sam 12:9
- Cross-reference Egz 4:15
- Cross-reference I Sam 15:22
- Cross-reference Sòm 34:18
- Cross-reference Sòm 69:35
- Cross-reference Sòm 4:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.