Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 50

Yon Sòm Asaph

Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.

Li rele lemonn lan soti nan 1leve solèy la

jis rive nan kote li kouche a.

Soti nan Sion, 2bèlte pafè a,

Bondye fè limyè Li parèt.

Bondye nou 3vin parèt.

Li pa rete an silans.

Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.

Li 4rele tout syèl yo anwo,

avèk latè pou jije pèp Li a:

“Rasanble fidèl Mwen yo kote M,

Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.

Epi syèl yo deklare ladwati Li,

paske 5Bondye, Li menm, se Jij. Tan

“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.

O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.

Mwen se Bondye, 6Bondye pa ou a.

Mwen pa 7repwoche ou pou sakrifis ou yo.

Ofrann brile nou yo devan m tout tan.

Mwen pa bezwen okenn 8jenn towo sòti lakay ou,

Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.

Paske 9tout bèt nan forè yo se pou mwen,

ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.

Mwen konnen tout 10zwazo nan mòn yo.

Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.

Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,

paske tout 11mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.

Èske m ta manje chè 12towo yo,

oswa bwè san a mal kabrit yo?

Ofri a Bondye 13yon sakrifis remèsiman

e peye ve ou yo a Pi Wo a.

Rele Mwen nan jou twoub la.

Mwen va 14delivre ou e ou va onore M.”

Men a mechan yo Bondye di:

“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,

pou pran 15akò Mwen an nan bouch ou?

Paske ou 16rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.

Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,

epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.

Ou lage bouch ou nèt nan mechanste. 17

Lang ou fè ankadreman pou manti.

Ou chita 18pale kont frè ou.

Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.

Bagay sa yo, ou te fè yo,

e Mwen pa t di yon mo.

Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.

Mwen va 19repwoche ou

e pale ka a an lòd devan zye ou.

Alò, konsidere sa, nou menm ki 20bliye Bondye,

oswa, Mwen va chire nou an mòso,

e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.

Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,

epi a sila ki fè chemen li dwat la,

Mwen va montre li sali Bondye a.”

Source notes (20)
  1. Cross-reference Sòm 113:3
  2. Cross-reference Sòm 48:2
  3. Cross-reference Sòm 96:13
  4. Cross-reference Det 4:26
  5. Cross-reference Sòm 75:7
  6. Cross-reference Egz 20:2
  7. Cross-reference Sòm 40:6
  8. Cross-reference Sòm 69:31
  9. Cross-reference Sòm 104:24
  10. Cross-reference Mat 6:26
  11. Cross-reference Egz 19:5
  12. Cross-reference Sòm 50:9
  13. Cross-reference Sòm 27:6
  14. Cross-reference Sòm 81:7
  15. Cross-reference És 29:13
  16. Cross-reference Pwov 5:12
  17. Cross-reference Sòm 36:3
  18. Cross-reference Job 19:18
  19. Cross-reference Sòm 90:8
  20. Cross-reference Job 8:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.