Bib Sen An
Sòm Yo 49
Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo
Tande sa, tout pèp yo!
Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond lan!
Ni 1ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
Bouch mwen va 2pale sajès,
epi meditasyon a kè m va vin konprann.
Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb.
Mwen va eksprime yon 3devinèt sou ap la.
Poukisa mwen ta gen 4krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
Malgre sila ki 5mete konfyans nan richès yo,
ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen 6sove frè li,
ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
Paske 7redanmsyon nanm li koute chè.
Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
pou l ta 8viv toujou jis pou letènite,
pou li 9pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo 10kite byen yo pou lòt yo.
Yo 11reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,
epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.
Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
Men yon 12nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.
Li tankou bèt yo ki peri.
Konsa, sa se 13chemen a sila ki manke sajès yo,
ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò.
Lanmò va bèje yo.
Moun dwat yo va domine sou yo nan maten.
Men fòm yo va 14fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.
Men 15Bondye va rachte nanm mwen soti nan
pouvwa a sejou lanmò a,
paske Bondye va resevwa m.
Ou pa bezwen pè 16lè yon nonm vin rich,
lè glwa lakay li vin ogmante.
Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale.
Glwa li a p ap swiv li desann.
Sepandan, pandan l ap viv, li 17bat bravo pou pwòp tèt li—
Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo.
Yo p ap janm wè 18limyè a.
Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li,
poutan, san konprann,
Se tankou bèt ki peri.
Source notes (18)
- Cross-reference Sòm 62:9
- Cross-reference Sòm 37:30
- Cross-reference Nonb 12:8
- Cross-reference Sòm 23:4
- Cross-reference Job 31:24
- Cross-reference Mat 25:8-9
- Cross-reference Mat 16:26
- Cross-reference Sòm 22:29
- Cross-reference Sòm 16:10
- Cross-reference Sòm 39:6
- Cross-reference Jen 4:17
- Cross-reference Sòm 49:20
- Cross-reference Jr 17:11
- Cross-reference Job 24:19
- Cross-reference Jen 5:24
- Cross-reference Sòm 37:7
- Cross-reference Det 29:19
- Cross-reference Job 33:30
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.