Bib Sen An
Sòm Yo 48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.
Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,
nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,
se Mòn Sion nan pati nò a, 1
Vil gran Wa a.
Bondye te parèt nan sitadèl li yo.
La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon 2refij.
Men gade, 3wa yo te rasanble yo.
Yo pase akote vil la ansanm.
Yo te wè li, e yo te etone.
Yo te 4sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
La, yo pèdi ekilib yo nèt.
Doulè ak sezisman te pran yo tankou 5fanm k ap akouche.
Avèk 6van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,
nan vil SENYÈ dèzame yo,
nan vil Bondye pa nou an.
Bondye va 7etabli li nèt, jis pou tout tan.
Nou te reflechi sou 8lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
Jan 9non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
Kite Mòn Sion fè kè kontan!
Kite 10 fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
Mache toupatou nan Sion e antoure li. 11
Konte fò wo li yo.
Konsidere ranpa li yo.
Antre nan palè li yo, pou ou kab 12
pale jenerasyon k ap vini an.
Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. 13
Li va gide nou jiska lanmò.
Source notes (13)
- Cross-reference Mat 5:35
- Cross-reference Sòm 46:7
- Cross-reference II Sam 10:6-19
- Cross-reference Egz 15:15
- Cross-reference És 13:8
- Cross-reference Jr 18:17
- Cross-reference Sòm 87:5
- Cross-reference Sòm 26:3
- Cross-reference Det 28:58
- Cross-reference Sòm 97:8
- Cross-reference Né 3:1-27
- Cross-reference Sòm 78:5-7
- Cross-reference Sòm 23:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.