Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 47

Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo.

O bat men nou ansanm, tout pèp yo.

Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.

Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent.

Li se 1Gran Wa a sou tout latè a.

Li fè soumèt pèp yo anba nou,

ak nasyon yo anba pye nou.

Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou, 2

glwa a Jacob la, ke Li renmen an. Tan

Bondye te monte avèk yon gwo rèl,

SENYÈ a avèk 3son twonpèt la.

Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!

Chante lwanj 4Wa nou an, chante lwanj yo!

Paske Bondye se Wa a tout tè a.

Chante lwanj yo 5avèk yon chan byen bèl.

Bondye 6regne sou nasyon yo.

Bondye chita sou twòn wayal Li a.

Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, 7

pèp a Bondye Abraham nan.

Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye.

Li leve byen wo.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Mal 1:1
  2. Cross-reference Am 6:8
  3. Cross-reference Sòm 98:6
  4. Cross-reference Sòm 89:18
  5. Cross-reference I Kor 14:15
  6. Cross-reference I Kwo 16:31
  7. Cross-reference Wo 4:11-12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.