Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 46

Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

Bondye se 1pwotèj nou ak fòs nou,

yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

Pou sa, nou 2p ap pè anyen, malgre latè

ta chanje e malgre mòn yo

ta chape antre nan fon lanmè.

Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

Genyen yon rivyè ak flèv li yo

ki fè kè vil Bondye a kontan;

lye sen a kote Pi Wo a 3demere a.

Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm.

Bondye va ede li vin parèt nan maten.

Nasyon yo te fè gwo boulvèsman.

Wayòm yo te souke.

Li te leve vwa l e latè te 4fonn.

SENYÈ dèzame yo 5avèk nou.

Bondye Jacob la se sitadèl nou.

Vini, 6gade byen zèv a SENYÈ yo

ki gwo dega Li fè nan tout latè.

Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.

Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.

Li brile cha yo avèk dife.

“Kanpe la e 7konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

Mwen va leve wo pami nasyon yo.

Mwen va leve wo sou tè a.”

SENYÈ dèzame yo avèk nou.

Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan

Source notes (7)
  1. Cross-reference Sòm 14:6
  2. Cross-reference Sòm 23:4
  3. Cross-reference Sòm 43:3
  4. Cross-reference Am 9:5
  5. Cross-reference Nonb 14:9
  6. Cross-reference Sòm 66:5
  7. Cross-reference Sòm 100:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.