Bib Sen An
Sòm Yo 45
Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo.
Yon Chanson Fèt Maryaj
Kè m debòde avèk yon bèl sijè.
Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.
Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. 1
Lagras debòde sou lèv ou.
Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.
Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an,
nan bèlte Ou avèk majeste Ou!
Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa.
Pou koz verite avèk 2imilite, avèk ladwati,
kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.
Flèch Ou yo filè.
Tout nasyon yo tonbe anba Ou,
epi flèch Ou yo 3lantre nan kè lènmi a Wa a.
Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;
Baton 4ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,
te 5onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.
Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.
Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.
Sou 6men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. 7
Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
Konsa, wa a va dezire bèlte ou.
Akoz li se senyè ou, 8vin bese ba devan L.
Fi 9Tyr la va vini avèk yon kado.
Moun gwo richès pami pèp yo k ap chache favè ou.
Lamarye a wa a bèl nèt anndan.
Vètman li 10trese antre sòti avèk lò.
Li va 11mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri.
Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.
Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans.
Yo va antre nan palè a wa a.
Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo.
Ou va fè yo prens sou tout latè.
Mwen va fè 12non Ou sonje nan tout jenerasyon yo.
Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou
remèsiman pou tout tan e pou tout tan.
Source notes (12)
- Cross-reference Luc 4:22
- Cross-reference So 2:3
- Cross-reference II Sam 18:14
- Cross-reference Sòm 98:9
- Cross-reference Sòm 2:2
- Cross-reference I Wa 2:19
- Cross-reference Det 21:13
- Cross-reference Ef 5:33
- Cross-reference Sòm 87:4
- Cross-reference Egz 39:2-3
- Cross-reference So 1:4
- Cross-reference Mal 1:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.