Bib Sen An
Sòm Yo 44
Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo
O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou.
Zansèt nou yo te pale nou 1
travay ke Ou te fè nan jou pa yo,
nan jou ansyen yo.
Ou menm, avèk pwòp men Ou,
Ou te 2chase mete nasyon yo deyò,
men Ou te plante yo.
Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo,
Ou te gaye yo toupatou.
Konsa, 3se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,
ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,
men se men dwat Ou avèk bra Ou,
ak limyè prezans Ou an,
akoz Ou te bay yo favè.
Se Ou menm ki 4Wa m, O Bondye.
Òdone viktwa pou Jacob.
Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak;
Nan non Ou, nou va 5pile fè desann
sila ki leve kont nou yo.
Paske mwen 6p ap mete konfyans nan banza mwen,
ni se pa nepe m k ap sove mwen.
Men Ou 7te sove nou kont advèsè nou yo,
Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
Nan Bondye, nou te 8louwe tout lajounen.
Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
Alò, koulye a, Ou rejte nou,
e mennen nou nan gwo wont.
Ou 9pa sòti ankò avèk lame nou yo.
Ou fè nou vire 10fè bak devan advèsè a,
epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
Ou te fè nou kon mouton,
tankou mouton ki te livre pou manje,
epi te 11gaye nou pami nasyon yo.
Ou 12vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo,
yon objè ki moke e 13giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
Ou fè nou 14tounen yon vye mò pami nasyon yo,
Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m,
epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
Akoz vwa a sila ki 15fè m repwòch e ki meprize mwen,
akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
Tout sa gen tan rive sou nou,
men nou pa te bliye Ou,
ni nou pa t 16aji nan manti selon akò Ou a.
Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo 17
pa t varye soti nan chemen Ou.
Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo,
e te kouvri nou avèk 18lonbraj lanmò a.
Si nou te bliye non a Bondye nou an,
oswa lonje men nou vè yon 19lòt dye etranje,
èske Bondye pa ta 20dekouvri sa a?
Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
Men 21pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen.
Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ?
Leve nan dòmi! 22Pa rejte nou nèt.
Poukisa Ou 23kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
Paske 24nanm nou te neye jis rive nan pousyè.
Kò nou kole jis rive atè. 25
Leve monte! Bannou sekou!
Rachte nou pou koz
lanmou dous Ou a.
Source notes (25)
- Cross-reference Det 32:7
- Cross-reference Jos 3:10
- Cross-reference Det 8:17-18
- Cross-reference Sòm 74:12
- Cross-reference Sòm 108:13
- Cross-reference I Sam 17:47
- Cross-reference Sòm 136:24
- Cross-reference Sòm 34:2
- Cross-reference Sòm 60:10
- Cross-reference Lev 26:17
- Cross-reference Lev 26:33
- Cross-reference Det 32:30
- Cross-reference Sòm 80:6
- Cross-reference II Wa 19:21
- Cross-reference Sòm 74:10
- Cross-reference Sòm 78:57
- Cross-reference Job 23:11
- Cross-reference Job 3:5
- Cross-reference Det 6:14
- Cross-reference Sòm 139:1-2
- Cross-reference Wo 8:36
- Cross-reference Sòm 77:7
- Cross-reference Job 13:24
- Cross-reference Sòm 119:25
- Cross-reference Sòm 35:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.