Bib Sen An
Sòm Yo 43
Deklare m inosan, O Bondye mwen!
Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.
O delivre mwen soti nan men
a lèzòm mantè e enjis yo!
Paske Ou se Bondye fòs mwen an.
Poukisa Ou rejte m?
Poukisa mwen 2fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
Voye 3limyè Ou deyò avèk verite Ou;
kite yo mennen mwen.
Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye 4lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an. 5
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,
ak Bondye m.
Source notes (5)
- Cross-reference Sòm 26:1
- Cross-reference Sòm 42:9
- Cross-reference Sòm 36:9
- Cross-reference Sòm 21:6
- Cross-reference Sòm 42:5-11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.