Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 42

LIV 2

Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.

Jan sèf la 1rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,

Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.

Nanm mwen swaf pou Bondye,

Pou Bondye vivan an.

Se kilè mwen kab vini pou 2 parèt devan Bondye?

Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit.

Pandan y ap 3di m tout lajounen:

“Kote Bondye ou a?”

Bagay sa yo mwen sonje e mwen 4

vide nanm mwen nèt anndan m.

Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la,

pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye,

avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.

Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?

Epi poukisa ou twouble anndan m?

Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen

va louwe Li ankò akoz 5sekou a prezans Li an.

O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.

Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi

Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.

Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo.

Tout 6gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.

SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen,

chan Li yo va avèk mwen 7pandan nwit lan:

Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.

Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:

“Poukisa Ou te bliye mwen?

Poukisa mwen antre nan tristès akoz 8opresyon lènmi an?”

Se tankou tout zo mwen yo kraze,

jan advèsè mwen yo anmède mwen,

pandan y ap 9di m tout lajounen:

“Kote Bondye Ou a”?

Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?

Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,

O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 119:131
  2. Cross-reference Egz 23:17
  3. Cross-reference Sòm 79:10
  4. Cross-reference I Sam 1:15
  5. Cross-reference Sòm 44:3
  6. Cross-reference Sòm 69:1-2
  7. Cross-reference Job 35:10
  8. Cross-reference Sòm 17:9
  9. Cross-reference Sòm 42:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.