Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 41

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!

SENYÈ a va delivre li 1nan jou twoub li.

SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.

Li va rele beni sou latè a.

Ni li 2p ap livre a volonte lènmi li yo.

SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.

Nan maladi li, li va restore li a lasante.

Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.

Geri nanm mwen paske 3mwen te peche kont Ou.”

Lènmi m yo 4pale mal kont mwen:

“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”

Si li vin wè m, li 5bay manti.

Kè li ranmase mechanste pou kont li.

Lè l sòti deyò, li pale sa.

Tout sila ki rayi mwen yo

soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.

Kont mwen, yo 6fè plan pou

donmaje mwen epi yo di:

“Yon bagay mechan gen tan pran l,

pou lè l kouche, pou l 7pa leve ankò.”

Menm 8zanmi ki te pre m nan,

nan sila mwen te mete konfyans la,

li ki te manje pen mwen an,

te leve talon li kont mwen.

Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e 9fè m leve

pou m kab bay yo rekonpans yo.

Se konsa 10mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.

Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.

Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,

epi Ou mete mwen 11nan prezans Ou

jis pou tout tan. 12

Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.

Amen e amen.

Source notes (12)
  1. Cross-reference Sòm 27:5
  2. Cross-reference Sòm 27:12
  3. Cross-reference Sòm 51:4
  4. Cross-reference Sòm 38:12
  5. Cross-reference Sòm 12:2
  6. Cross-reference Sòm 56:5
  7. Cross-reference Sòm 71:10-11
  8. Cross-reference II Sam 15:12
  9. Cross-reference Sòm 3:3
  10. Cross-reference Sòm 37:23
  11. Cross-reference Job 36:7
  12. Cross-reference Sòm 72:18-19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.