Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 40

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

Mwen te 1tann avèk pasyans SENYÈ a.

Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

sòti deyò gwo ma ajil la.

Li te mete pye m sou wòch la e

te 2fè m kanpe byen fèm.

Li te mete yon 3chanson nèf nan bouch mwen,

yon chan lwanj Bondye nou an.

Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

mete konfyans nan Bondye.

A la 4beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

e ki pa t vire vè moun ògèy yo,

ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,

se 5mèvèy ke Ou te fè yo,

ak panse Ou yo anvè nou.

Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.

Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,

yo ta vin twòp pou m ta kab konte. 6

Sakrifis avèk ofrann sereyal,

Ou pa t dezire yo.

Ou te ouvri zòrèy mwen.

Ofrann brile avèk ofrann peche yo,

Ou pa t mande yo.

Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.

Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm. 7

Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

Lalwa Ou nan kè m.”

Mwen te 8pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;

Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;

O SENYÈ, Ou konnen.

Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.

Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.

Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk

verite Ou devan gran asanble a.

Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. 9

Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

prezève mwen tout tan.

Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. 10

Inikite mwen yo te fin pran m nèt

jiskaske mwen pa t kab wè.

Yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Kè m fin fè fayit. 11

Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.

Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.

Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,

sila ki 12chache lavi mwen pou detwi li.

Kite sila yo vire fè bak e dezonore,

sila ki pran plezi nan fè m mal yo.

Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,

sila ki 13di mwen: “Wayan, wayan!”

Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e

fè kè kontan nan Ou.

Kite tout sila ki renmen sali Ou yo 14

pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab

leve wo!”

Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, 15

kite SENYÈ a toujou sonje mwen.

Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.

Pa fè reta, O Bondye mwen an.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Sòm 25:5
  2. Cross-reference Sòm 37:23
  3. Cross-reference Sòm 32:7
  4. Cross-reference Sòm 34:8
  5. Cross-reference Job 5:9
  6. Cross-reference I Sam 15:22
  7. Cross-reference Jn 4:34
  8. Cross-reference Sòm 22:22
  9. Cross-reference Sòm 43:3
  10. Cross-reference Sòm 38:4
  11. Cross-reference Sòm 22:19
  12. Cross-reference Sòm 63:9
  13. Cross-reference Sòm 35:21
  14. Cross-reference Sòm 35:27
  15. Cross-reference Sòm 40:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.