Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 39

Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David

Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,

pou m pa 1fè peche ak lang mwen.

Mwen va veye bouch mwen,

konsi li gen yon brid ladann

toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.

Mwen te 2tankou bèbè e mwen te rete an silans.

Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.

Konsa, tristès mwen te vin pi mal. 3

Kè m te cho anndan m.

Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.

Konsa, mwen te pale ak lang mwen:

SENYÈ, fè m konnen 4longè a jou mwen yo.

Fè m konnen ke m fèb anpil.

Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole

tankou lajè a men m ki louvri.

Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.

Anverite, lavi chak moun, 5se yon sèl grenn souf.

Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. 6

Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.

Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.

Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? 7

Espwa m se nan Ou. 8

Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.

Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.

Mwen tounen tibebe.

Mwen pa ouvri bouch mwen,

akoz se 9Ou ki te fè sa. 10

Rete touman Ou sou mwen.

Kou men Ou venk mwen.

M ap peri.

Avèk repwòch, Ou fè chatiman

a yon nonm pou inikite li.

Ou 11manje tankou mit nan rad sa ki konsidere

pi chè pou li menm nan.

Anverite, tout moun se sèlman yon souf.

Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e

prete zòrèy Ou a kri mwen.

Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.

Paske mwen se yon etranje devan Ou,

yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo. 12

Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,

avan ke m mouri pou m pa la ankò.”

Source notes (12)
  1. Cross-reference Job 2:10
  2. Cross-reference Sòm 38:13
  3. Cross-reference Sòm 32:4
  4. Cross-reference Job 6:11
  5. Cross-reference Sòm 89:47
  6. Cross-reference I Kor 7:31
  7. Cross-reference Sòm 38:15
  8. Cross-reference Sòm 51:9-14
  9. Cross-reference II Sam 16:10
  10. Cross-reference Job 9:34
  11. Cross-reference Job 13:28
  12. Cross-reference Job 7:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.