Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 38

Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab

O SENYÈ, 1pa repwoche mwen nan kòlè Ou,

ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.

Paske 2flèch Ou yo fin antre fon anndan m,

epi men Ou fin peze m. 3

Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,

akoz endiyasyon Ou.

Nanpwen lasante nan zo m yo

akoz peche mwen.

Paske 4inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.

Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.

Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz 5foli mwen.

Mwen fin koube nèt e 6bese anpil.

Mwen ap fè doulè tout lajounen.

Paske ren mwen plen ak 7brile.

Nanpwen anyen ansante nan chè m.

Mwen 8pa kab santi anyen ankò.

Mwen fin kraze nèt.

Vwa m plenyen akoz kè m ajite.

SENYÈ, tout volonte m devan Ou.

Tout 9plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.

Kè m bat fò, 10fòs mwen kite m.

Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.

Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo

kanpe nan distans akoz touman m.

Fanmi m yo 11kanpe byen lwen.

Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.

Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.

Y ap manniganse trayizon tout lajounen.

Men mwen menm, tankou yon moun mouri,

mwen pa tande;

Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.

Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.

E nan bouch mwen, pa gen repons.

Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.

Ou 12va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.

Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.

Pou lè pye m chape, pou yo 13ta vante tèt yo kont mwen.”

Paske mwen prèt pou tonbe. 14

Tristès mwen devan m tout tan.

Konsa, mwen konfese inikite mwen.

Mwen ranpli avèk 15regrè akoz peche m.

Men lènmi m yo plen kouraj e fò.

Yo anpil ki 16rayi mwen san koz.

Sila ki remèt mal pou byen yo

se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.

Pa abandone m, O SENYÈ.

O Bondye m nan, 17pa rete lwen m!

Fè vit pou ede mwen,

O SENYÈ, delivrans mwen an!

Source notes (17)
  1. Cross-reference Sòm 6:1
  2. Cross-reference Job 6:4
  3. Cross-reference És 1:6
  4. Cross-reference Esd 9:6
  5. Cross-reference Sòm 69:5
  6. Cross-reference Sòm 35:14
  7. Cross-reference Sòm 102:3
  8. Cross-reference Lam 1:13-20
  9. Cross-reference Sòm 6:5
  10. Cross-reference Sòm 31:10
  11. Cross-reference Luc 23:49
  12. Cross-reference Sòm 17:6
  13. Cross-reference Sòm 35:26
  14. Cross-reference Sòm 13:2
  15. Cross-reference II Kor 7:9-10
  16. Cross-reference Sòm 35:19
  17. Cross-reference Sòm 22:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.