Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 37

Yon Sòm David

Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin 1pote lanvi pou malfektè yo.

Paske yo va 2fennen vit tankou zèb chan,

e disparèt tankou zèb ki vèt.

Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. 3

Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

Pran plezi ou nan SENYÈ a.

Konsa, Li va 4bay ou tout dezi a kè ou. 5

Dedye chemen ou a SENYÈ a.

Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

Ak jijman ou klere 6kon midi.

Pran repo nan SENYÈ a, e 7tann Li ak pasyans;

Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

Konsa, 8malfektè yo va koupe retire nèt,

men sila k ap tann SENYÈ yo,

va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

Men yon 9ti tan ankò, mechan an va disparèt.

Ou va chache avèk atansyon plas li,

men li p ap egziste.

Konsa, 10enb yo va fè eritaj peyi a.

Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.

Mechan an 11fè konplo kont sila ki dwat yo.

Li manje dan l sou li.

SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke 12jou li a ap rive.

Mechan yo rale nepe e 13koube banza yo,

pou jete aflije yo avèk malere a,

pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.

Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. 14

Banza yo ap kase. 15

Pi bon se ti kras a moun dwat yo,

pase abondans anpil a mechan yo.

Paske bra a mechan yo va kase,

men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.

SENYÈ a 16konnen jou a sila ki dwat yo.

Eritaj yo va dire jis pou tout tan.

Yo p ap wont nan move tan.

Nan 17jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.

Men mechan yo va peri.

Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.

Yo va vin disparèt.

Tankou 18lafimen,

yo ale nèt.

Mechan an prete, men li pa remèt,

men moun dwat la 19ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.

Paske sila ke Bondye beni yo, va 20eritye peyi a,

men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt. 21

Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

Lè 22li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,

men 23mwen poko wè moun dwat ki abandone,

ni desandan li yo k ap mande pen.

Tout lajounen, 24 moun dwat la

plen ak gras pou prete moun.

Desandan li yo se yon benediksyon.

Kite mal e fè sa ki bon,

pou ou kab viv 25jis pou tout tan.

Paske SENYÈ a renmen jistis,

e li pa abandone fidèl li yo.

Yo prezève pou tout tan,

men mechan yo va vin koupe retire nèt.

Moun ladwati yo va 26eritye peyi a,

pou viv ladann pou tout tan.

Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,

epi lang li va 27pale jistis. 28

Lalwa Bondye nan kè li.

Pa li yo pa janm glise.

Mechan an ap veye dwat la

pou 29chache touye li.

SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,

ni 30kite li kondane lè li jije.

Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.

Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.

Lè 31mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.

Mwen konn 32wè yon nonm mechan e vyolan

Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.

Konsa, li mouri nèt, e vwala, li 33pa t la ankò.

Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.

Byen remake nonm san tò a,

epi gade byen nonm ladwati a,

paske nonm lapè a va gen 34posterite.

Men pechè a va detwi nèt.

Posterite a mechan an va 35koupe retire nèt.

Men 36delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.

Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.

SENYÈ a ede yo e delivre yo.

Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.

Li sove yo, akoz se nan Li ke yo 37kache.

Source notes (37)
  1. Cross-reference Sòm 73:3
  2. Cross-reference Job 14:2
  3. Cross-reference Éz 34:13-14
  4. Cross-reference Sòm 145:19
  5. Cross-reference Pwov 16:3
  6. Cross-reference Job 11:17
  7. Cross-reference Sòm 40:1
  8. Cross-reference Sòm 37:2-22
  9. Cross-reference Job 24:24
  10. Cross-reference Mat 5:5
  11. Cross-reference Sòm 31:13-20
  12. Cross-reference I Sam 26:10
  13. Cross-reference Lam 2:4
  14. Cross-reference I Sam 2:4
  15. Cross-reference Pwov 15:16
  16. Cross-reference Sòm 1:6
  17. Cross-reference Job 5:20
  18. Cross-reference Sòm 68:2
  19. Cross-reference Sòm 112:5-9
  20. Cross-reference Pwov 3:33
  21. Cross-reference I Sam 2:9
  22. Cross-reference Pwov 24:15
  23. Cross-reference Eb 13:5
  24. Cross-reference Det 15:8
  25. Cross-reference Sòm 102:28
  26. Cross-reference Sòm 37:9
  27. Cross-reference Sòm 119:13
  28. Cross-reference Det 6:6
  29. Cross-reference Sòm 37:14
  30. Cross-reference Sòm 34:22
  31. Cross-reference Sòm 52:5-6
  32. Cross-reference Job 5:3
  33. Cross-reference Job 20:5
  34. Cross-reference És 57:1-2
  35. Cross-reference Sòm 37:9
  36. Cross-reference Sòm 3:8
  37. Cross-reference I Kwo 5:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.