Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 36

Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a

Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.

Nanpwen 1krent Bondye devan zye l.

Jan li kontan ak pwòp tèt li,

li pa janm wè pwòp peche pa l la. 2

Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.

Li fè yon chemen ki pa bon.

Sou kabann li, li fè plan mechan;

Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;

Li 3pa rayi mal. 4

Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,

fidelite Ou nan syèl la.

Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,

e5jijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.

O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

Lanmou dous Ou chè, O Bondye!

Pitit a lòm yo 6pran azil anba lonbraj zèl Ou.

Yo 7bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.

Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.

Paske avèk Ou, se 8fontèn dlo lavi a.

Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.

O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,

ak 9ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.

Pa kite pye ògèy vini sou mwen,

ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.

Se la 10sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.

Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

Source notes (10)
  1. Cross-reference Wo 3:18
  2. Cross-reference Sòm 10:7
  3. Cross-reference Wo 12:9
  4. Cross-reference Sòm 57:10
  5. Cross-reference Wo 11:33
  6. Cross-reference Rt 2:12
  7. Cross-reference És 25:6
  8. Cross-reference Jr 2:13
  9. Cross-reference Sòm 24:5
  10. Cross-reference Sòm 140:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.