Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 27

Yon sòm David

SENYÈ a se limyè mwen e 1sali mwen.

Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

defans lavi mwen.

Se kilès k ap fè m gen laperèz?

Lè malfektè yo te rive sou mwen

pou yo ta devore chè m,

advèsè mwen yo ak lènmi m yo

te 2chape tonbe.

Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

Malgre lagè leve kont mwen,

malgre sa, m ap gen 3konfyans.

Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

se li mwen va chache:

pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

tout jou lavi m yo,

pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

Paske nan jou twoub la,

Li va 4kache mwen nan tabènak Li.

Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,

se la Li va fè m kache.

Li va leve mwen sou yon wòch.

Epi koulye a, 5tèt mwen va vin leve wo

sou lènmi m ki antoure m yo.

Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.

Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a. 6

Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.

Fè m gras e reponn mwen.

Lè Ou te di m: 7“Chache wè figi Mwen”,

kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,

se li mwen va chache.”

Pa kache figi Ou de mwen.

Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.

Se Ou ki konn sekou mwen.

Pa abandone mwen, ni 8kite m sèl,

O Bondye delivrans mwen an.

Paske papa m ak manman m te abandone mwen,

Men 9SENYÈ a va ranmase mwen. 10

Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.

Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.

Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,

paske 11fo temwen yo vin leve kont mwen,

sila k ap respire vyolans yo.

Mwen toujou gen konfyans sa a:

ke m va wè 12bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.

Tann SENYÈ a. 13

Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.

Wi, tann SENYÈ a.

Source notes (13)
  1. Cross-reference És 33:2
  2. Cross-reference Sòm 9:3
  3. Cross-reference Job 4:6
  4. Cross-reference Sòm 31:20
  5. Cross-reference Sòm 3:3
  6. Cross-reference Sòm 4:3
  7. Cross-reference Sòm 105:4
  8. Cross-reference Sòm 37:28
  9. Cross-reference És 40:11
  10. Cross-reference Sòm 25:4
  11. Cross-reference Mat 26:60
  12. Cross-reference Sòm 31:19
  13. Cross-reference Sòm 31:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.