Bib Sen An
Sòm Yo 26
Yon sòm David
Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. 1
Sonde panse mwen avèk kè m.
Paske lanmou dous Ou a devan zye m.
Mwen 2te mache nan verite Ou.
Mwen pa 3chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo.
Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
Mwen va lave men m nan inosans, e
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,
e deklare tout mèvèy Ou yo.
O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,
avèk kote ke 4glwa Ou rete a.
Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk 5mesye ki vèse san yo,
nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote 6kado vèse anba tab yo.
Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. 7
Delivre mwen e fè m gras.
Pye m kanpe sou yon plas byen plat.
Nan 8asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 7:9
- Cross-reference II Wa 20:3
- Cross-reference Sòm 1:1
- Cross-reference Sòm 24:7
- Cross-reference Sòm 139:19
- Cross-reference Sòm 15:5
- Cross-reference Sòm 44:26
- Cross-reference Sòm 22:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.