Bib Sen An
Sòm Yo 25
Yon sòm David
A Ou menm, O SENYÈ, mwen 1leve nanm mwen.
O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite 2lènmi m yo fè fèt sou mwen.
Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki 3fè konplo kont Ou san koz yo, va wont. 4
Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki 5Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la 6depi tan ale nèt.
Pa sonje 7peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
Li 8dirije enb yo nan jistis, e
Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou 9sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
Pou koz a non Ou, O SENYÈ, 10
padone inikite mwen, paske li anpil.
Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va 11enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a. 12
Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va 13retire pye mwen nan pèlen an. 14
Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e 15padone tout peche mwen yo.
Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo 16rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m 17vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
Kite 18entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
Delivre Israël, O Bondye, sou
tout twoub li yo.
Source notes (18)
- Cross-reference II Sam 5:10
- Cross-reference Sòm 13:4
- Cross-reference Hab 1:13
- Cross-reference Egz 33:13
- Cross-reference Sòm 79:9
- Cross-reference Sòm 103:17
- Cross-reference Job 13:26
- Cross-reference Sòm 23:3
- Cross-reference Sòm 103:18
- Cross-reference Egz 34:9
- Cross-reference Sòm 25:8
- Cross-reference Pwov 3:32
- Cross-reference Sòm 124:7
- Cross-reference Sòm 69:16
- Cross-reference Sòm 103:3
- Cross-reference Sòm 9:13
- Cross-reference Sòm 25:2
- Cross-reference Sòm 41:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.