Bib Sen An
Sòm Yo 24
Yon sòm David
Tè a se pou SENYÈ a, avèk 1tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
Li te 2fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan 3lye sen pa Li an?
Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa 4leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak 5ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
Sa se jenerasyon a sila k ap 6chache Li yo,
k ap chache figi Ou—menm Jacob. Tan
Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa 7glwa a kapab antre!
Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a 8pwisan nan batay la.
Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa 9glwa a kapab antre!
Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame 10 yo!
Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.
Source notes (10)
- Cross-reference I Kor 10:26
- Cross-reference Sòm 104:3-5
- Cross-reference Sòm 65:4
- Cross-reference Éz 18:15
- Cross-reference Sòm 36:10
- Cross-reference Sòm 27:4-8
- Cross-reference Trav 7:2
- Cross-reference Sòm 76:3-6
- Cross-reference Sòm 26:8
- Cross-reference II Sam 5:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.