Bib Sen An
Sòm Yo 23
Yon sòm David
Bondye se 1bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li 2mennen m akote dlo pezib yo.
Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan 3chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. 4
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. 5
Tas mwen fin debòde nèt.
Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va 6viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
Source notes (6)
- Cross-reference Éz 34:11-13
- Cross-reference Rev 7:17
- Cross-reference Pwov 4:11
- Cross-reference Mi 7:14
- Cross-reference Sòm 16:5
- Cross-reference Sòm 27:4-6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.