Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 22

Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;

Yon sòm David.

1

Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou

te abandone m?

Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

O Bondye mwen, mwen 2kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.

E nan lannwit men m pa jwenn repo.

Sepandan, Ou sen;

Ou menm ki 3sou twòn lwanj pèp Israël la.

Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.

Yo te mete konfyans yo nan Ou,

e Ou te 4delivre yo.

A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. 5

Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.

Men mwen se yon 6vè,

mwen pa menm yon moun.

Parèt abominab devan lèzòm,

e meprize pa tout moun.

Tout moun ki wè m vin moke mwen.

Yo 7separe avèk lèv yo e yo

souke tèt yo pou di:

Li mete konfyans nan SENYÈ a.

Kite Li menm delivre li.

Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.

Sepandan, Ou menm se Sila ki te

fè m sòti nan vant manman m nan.

Ou te fè m gen konfyans depi m

t ap souse tete manman m.

Sou Ou, mwen te depann 8depi nesans mwen.

Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m. 9

Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.

Paske nanpwen moun ki pou ede m.

Anpil towo vin antoure m.

Towo fò a 10Basan yo te ansèkle m.

Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,

tankou yon 11lyon voras k ap rele fò.

Mwen vin vide tankou dlo.

Tout zo m fin dejwente.

Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.

Lang mwen kole akote nan bouch mwen. 12

Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.

Konsa, chen yo vin antoure mwen.

Yon bann malfektè vin ansèkle m.

Yo te 13pèse dwat mwen avèk pye m.

Mwen kab kontwole tout zo m yo.

Yo 14gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.

Yo 15divize rad mwen pami yo.

Pou vètman m, yo tire osò.

Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!

Ou menm, sekou mwen, 16fè vit, vin rive ede m!

Delivre nanm mwen devan 17nepe a,

lavi mwen devan pouvwa a chen an.

Fè m sekou soti nan bouch a 18lyon an,

soti sou kòn a bèf mawon.

Wi, Ou menm te reponn mwen.

Mwen va 19pale non Ou a frè m yo.

Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou. 20

Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.

Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!

Kanpe byen sezi devan L,

nou tout, desandan Israël yo.

Paske Li pa t meprize ni

rayi afliksyon a aflije yo.

Ni Li pa t kache figi Li a li menm,

men 21lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.

Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti

nan gran asanble a;

Mwen va 22akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.

Aflije yo va manje e 23va satisfè.

Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.

Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!

Tout 24ekstremite tè a nèt va sonje.

Yo va vire bò kote SENYÈ a.

Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va

adore devan Ou.

Paske 25wayòm nan se pou SENYÈ a,

e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.

Tout moun 26 byen reyisi sou latè va manje e adore.

Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,

Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.

Jenerasyon yo va sèvi Li.

Yo va pale de SENYÈ a

a 27desandan yo k ap vini an.

Yo va vini.

Yo va deklare ladwati Li

a yon pèp ki 28va vin fèt.

Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.

Source notes (28)
  1. Cross-reference Mat 27:46
  2. Cross-reference Sòm 42:3
  3. Cross-reference Det 10:21
  4. Cross-reference Sòm 107:6
  5. Cross-reference És 49:23
  6. Cross-reference Job 25:6
  7. Cross-reference Mat 27:39
  8. Cross-reference És 46:3
  9. Cross-reference Sòm 71:12
  10. Cross-reference Det 32:14
  11. Cross-reference Sòm 10:9
  12. Cross-reference Jn 19:28
  13. Cross-reference Mat 27:35
  14. Cross-reference Luc 23:27-35
  15. Cross-reference Mat 27:35
  16. Cross-reference Sòm 70:5
  17. Cross-reference Sòm 37:14
  18. Cross-reference Sòm 22:13
  19. Cross-reference Sòm 40:10
  20. Cross-reference Sòm 135:19-20
  21. Cross-reference Sòm 31:22
  22. Cross-reference Sòm 61:8
  23. Cross-reference Sòm 107:9
  24. Cross-reference Sòm 2:8
  25. Cross-reference Za 14:9
  26. Cross-reference Hab 1:16
  27. Cross-reference Sòm 102:18
  28. Cross-reference Sòm 78:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.