Bib Sen An
Sòm Yo 21
Pou direktè koral la; Yon sòm David
O SENYÈ, 1nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
Ou te bay li dezi a kè li,
ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
Paske Ou te vin rankontre Li avèk
benediksyon de tout bon bagay.
Ou te mete yon 2kouwòn sou tèt li.
Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.
Yon vi ki long ak 3jou k ap dire
jis pou tout tan.
Glwa li gran nan sali pa Ou. 4
Onè ak majeste Ou te mete sou li.
Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa 5avèk kè kontan nan prezans Ou.
Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, 6
Li p ap ebranle menm.
Men ou va 7dekouvri tout lènmi ou yo.
Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou.
SENYÈ a va 8vale yo nèt nan kòlè Li,
epi dife va devore yo.
Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,
epi 9desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
Malgre yo te anvizaje mal kont Ou,
e te 10fòme yon konplo,
yo p ap reyisi.
Paske Ou va fè yo vire do yo.
Ou va pwente 11banza sou figi yo
ak bon kontwòl.
Ke Ou leve wo, O SENYÈ,
ak tout fòs Ou!
Nou va 12chante e bay lwanj a pwisans Ou.
Source notes (12)
- Cross-reference Sòm 59:16-17
- Cross-reference II Sam 12:30
- Cross-reference Sòm 91:16
- Cross-reference Sòm 96:6
- Cross-reference Sòm 43:4
- Cross-reference Sòm 112:6
- Cross-reference És 10:10
- Cross-reference Lam 2:2
- Cross-reference Sòm 37:28
- Cross-reference Sòm 10:2
- Cross-reference Sòm 7:12-13
- Cross-reference Sòm 59:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.