Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 20

Pou direktè koral la; Yon sòm David

Ke SENYÈ a kapab reponn ou 1nan jou gran twoub la!

Ke non Bondye Jacob la kapab

kenbe ou ansekirite an wo!

Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan

sanktyè a,

epi 2bay ou soutyen soti nan Sion.

Ke Li kapab 3sonje tout ofrann sereyal ou yo,

ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!

Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,

e 4akonpli tout plan ou yo!

Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.

Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.

Ke SENYÈ a kapab 5akonpli tout priyè ou yo.

Alò, mwen konnen ke SENYÈ a

va delivre moun onksyone pa Li a.

Li va 6reponn li soti nan syèl sen Li an,

avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, 7

Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

Yo te pliye e yo te tonbe,

men 8nou te leve e nou te kanpe dwat.

Delivre nou O SENYÈ!

Ke 9Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 50:15
  2. Cross-reference Sòm 110:2
  3. Cross-reference Trav 10:4
  4. Cross-reference Sòm 145:19
  5. Cross-reference I Sam 1:17
  6. Cross-reference És 58:9
  7. Cross-reference II Kwo 32:8
  8. Cross-reference Sòm 37:24
  9. Cross-reference Sòm 3:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.