Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 19

Pou direktè koral la; yon sòm David

1

Syèl yo ap pale glwa Bondye a.

Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.

Jou apre jou, l ap pale san rete; 2

Nwit apre nwit, li revele konesans.

Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl

kote nou pa tande vwa yo. 3

Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,

ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.

Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,

ki tankou yon jennonm ki fenk marye

k ap sòti nan chanm li.

Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.

Li 4leve soti nan yon pwent syèl,

pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.

Anyen pa chape devan chalè li.

Lalwa SENYÈ a 5pafè

Li rekonfòte nanm.

Temwayaj SENYÈ a vrè,

k ap fè saj yo senp.

Prensip a SENYÈ yo dwat,

ki fè kè rejwi.

Kòmandman SENYÈ a san tach.

Li 6fè zye yo limen.

Lakrent SENYÈ a pi;

Li dire jis pou tout tan.

Jijman SENYÈ yo vrè;

Yo 7jis san manke.

Yo 8pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.

Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

ki tonbe nan gato myèl la.

Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a

resevwa avètisman pou fè atansyon.

Pou sila ki kenbe yo, gen gran 9rekonpans.

Se kilès ki kab rekonèt fot li?

Padone mwen 10pou fot ke m pa konnen yo.

Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.

Pa kite yo vin domine m.

Konsa, mwen kab rete san fot,

epi va inosan a gran peche.

Kite pawòl bouch mwen a avèk 11

refleksyon kè m

vin akseptab devan zye Ou,

O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Sòm 8:1
  2. Cross-reference Sòm 139:12
  3. Cross-reference Wo 10:18
  4. Cross-reference Sòm 113:3
  5. Cross-reference Sòm 119:160
  6. Cross-reference Sòm 36:9
  7. Cross-reference Sòm 119:138
  8. Cross-reference Sòm 119:72
  9. Cross-reference Sòm 24:5-6
  10. Cross-reference Sòm 139:23-24
  11. Cross-reference Sòm 104:34

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.