Bib Sen An
Sòm Yo 18
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
SENYÈ a se 1 wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj;
epi mwen 2sove de lènmi mwen yo. 3
Kòd lanmò yo te antoure mwen.
Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te parèt devan m.
Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,
e te kriye a Bondye pou sekou.
Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. 4
Kri mwen pou sekou devan L
te rive nan zòrèy Li.
Konsa, latè a te tranble.
Fondasyon a mòn yo te tranble.
Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
Lafimen te sòti nan nen L. 5
Dife a devoran te soti nan bouch Li.
Chalè li te limen chabon.
Anplis, Li te bese syèl la e te desann
avèk 6fènwa byen pwès anba pye Li.
Li te monte sou yon cheriben, e te vole;
Li te vole sou 7zèl a van yo.
Li te sèvi 8fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L.
Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
Soti nan gran 9klate devan L,
gwo nwaj pwès Li yo,
Lagrèl avèk chabon dife te pase.
Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo.
Pi Pwisan an te fè vwa l sone:
wòch lagrèl yo avèk chabon dife.
Li te 10voye flèch li yo deyò e te gaye yo.
Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.
Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt;
Fondasyon mond yo te vin toutouni;
ak repwòch Ou, O SENYÈ, 11
lè gwo souf sòti nan nen Ou.
Li te voye soti an wo.
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
Li te 12delivre mwen nan men
advèsè mwen byen fò;
de sila yo ki te rayi mwen yo,
paske yo te twò fò pou mwen.
Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen,
men 13SENYÈ a te pwotèj mwen.
Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj.
Li te fè m sekou, akoz 14Li te pran plezi nan mwen.
SENYÈ a te byen 15rekonpanse mwen selon ladwati mwen.
Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a,
epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
Paske tout 16òdonans Li yo te devan m.
Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
Anplis, mwen te toujou san fot devan L,
e mwen te 17rete lib de inikite m.
Pou sa, SENYÈ a te 18fè m rekonpans selon ladwati mwen,
selon men pwòp ke Li te wè yo.
Avèk sila ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon.
Avèk sila ki san fot, Ou vin parèt san fot.
Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou. 19
Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.
Paske Ou sove yon pèp aflije,
men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
Paske SENYÈ a va limen lanp mwen.
Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
Paske avèk Ou, mwen kapab 20kouri sou yon ekip lame.
Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
Pou Bondye, chemen Li 21san fot.
Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.
Li se yon boukliye pou tout moun
k ap pran sekou nan Li.
Paske 22se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?
Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
Bondye ki 23mare senti m ak fòs,
epi fè chemen mwen san fot la?
Li fè pye m yo vin tankou sèf,
epi 24fè m vin plase kote ki wo yo.
Li antrene men m pou batay la,
jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
Anplis, Ou te ban mwen 25
boukliye sali Ou e
men dwat Ou te ban m soutyen.
Se bonte Ou ki fè m gran.
Ou 26fè longè pa m yo lonje pi laj anba m,
epi pye m pa t janm chape.
Mwen te 27kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo.
Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve.
Yo va tonbe 28anba pye mwen.
Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la.
Ou te 29soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen;
konsa mwen te 30detwi sila ki te rayi mwen yo.
Yo te kriye sekou, men 31pa t gen moun pou sove yo;
menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
Mwen te bat yo kraze fen tankou 32pousyè devan van;
mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli;
Ou te plase mwen kon 33chèf an tèt a nasyon yo;
Yon pèp ke m pa menm konnen,
se sèvitè mwen yo ye.
Depi yo tande, yo obeyi mwen.
Etranje yo 34soumèt devan m.
Etranje yo vin disparèt devan m,
epi vin sòti tranblan nan fò yo.
SENYÈ a 35viv! Beni se wòch mwen an.
Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,
e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.
Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki
fè rebèl kont mwen yo.
Ou delivre mwen kont men lòm 36vyolans lan.
Pou sa, mwen va 37bay remèsiman
a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ,
epi mwen va chante lwanj a non Ou.
Li bay gran delivrans a wa Li a,
epi montre lanmou dous Li a 38onksyone Li a,
a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.
Source notes (38)
- Cross-reference Det 32:18
- Cross-reference Sòm 34:6
- Cross-reference Sòm 116:3
- Cross-reference Sòm 34:15
- Cross-reference Sòm 50:3
- Cross-reference Sòm 97:2
- Cross-reference Sòm 104:3
- Cross-reference Det 4:11
- Cross-reference Sòm 104:2
- Cross-reference Sòm 144:6
- Cross-reference Sòm 106:9
- Cross-reference Sòm 59:1
- Cross-reference Sòm 16:8
- Cross-reference Sòm 37:23
- Cross-reference I Sam 24:19
- Cross-reference Sòm 119:30
- Cross-reference Sòm 19:12,13
- Cross-reference I Sam 26:23
- Cross-reference Job 25:5
- Cross-reference Sòm 18:33
- Cross-reference Rev 15:3
- Cross-reference Sòm 86:8-10
- Cross-reference És 45:5
- Cross-reference Det 32:13
- Cross-reference Sòm 33:20
- Cross-reference Sòm 18:33
- Cross-reference Sòm 44:5
- Cross-reference Sòm 47:3
- Cross-reference Sòm 18:47
- Cross-reference Sòm 94:23
- Cross-reference Sòm 50:22
- Cross-reference Sòm 83:13
- Cross-reference II Sam 8:1-18
- Cross-reference Sòm 66:3
- Cross-reference Job 19:25
- Cross-reference Sòm 11:5
- Cross-reference Wo 15:9
- Cross-reference Sòm 28:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.