Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 17

Yon Priyè a David

Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.

Prete zòrèy a lapriyè mwen,

ki pa sòti nan 1lèv k ap twonpe moun.

Kite 2pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;

Kite zye Ou gade avèk jistis.

Ou te teste kè m.

Ou te vizite mwen pandan lannwit.

Ou te 3sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.

Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.

Alò, pou zèv a lòm yo, 4selon pawòl a lèv Ou yo,

Mwen te evite chemen a vyolan yo. 5

Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.

Pye mwen pat janm glise.

Mwen 6te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.

Enkline zòrèy W bò kote m.

Tande pawòl mwen yo.

Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,

O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.

Kenbe m tankou 7de zye nan tèt Ou.

Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,

kont mechan ki depouye m yo, 8

lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.

Yo fin fèmen kè rèd yo. 9

Avèk bouch yo, yo pale awogans.

Koulye a, yo fin 10antoure nou pandan n ap mache.

Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.

Se tankou yon lyon ki anvi devore,

tankou yon jenn lyon k ap 11kache

nan fènwa.

Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;

Delivre nanm mwen de mechan yo avèk 12nepe Ou,

Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,

depi nan men lòm de mond sa yo, 13

k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.

Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.

Fis ou yo gen kont,

e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.

Pou mwen menm, mwen va 14wè figi Ou nan ladwati a;

mwen va satisfè avèk vizaj Ou

lè m ouvri zye m.

Source notes (14)
  1. Cross-reference És 29:13
  2. Cross-reference Sòm 103:6
  3. Cross-reference I Pi 1:7
  4. Cross-reference Sòm 119:9
  5. Cross-reference Job 23:11
  6. Cross-reference Sòm 86:7
  7. Cross-reference Det 32:10
  8. Cross-reference Sòm 31:20
  9. Cross-reference Job 15:27
  10. Cross-reference Sòm 88:17
  11. Cross-reference Sòm 10:9
  12. Cross-reference Sòm 22:20
  13. Cross-reference Sòm 73:3-7
  14. Cross-reference Sòm 11:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.