Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 16

Yon Sòm David

Pwoteje m O Bondye, paske 1mwen kache nan Ou.

Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.

Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;

sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.

Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;

Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,

ni non yo 2p ap sòti sou lèv mwen.

SENYÈ a se 3pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;

Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan. 4

Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.

Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.

Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.

Anverite, 5panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit. 6

Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

Pou sa, 7kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.

Anplis, chè m va toujou pwoteje.

Paske Ou p ap abandone nanm mwen

nan sejou mò yo;

ni Ou p ap 8pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

Ou va fè m rekonèt 9chemen lavi a.

Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 7:1
  2. Cross-reference Egz 23:13
  3. Cross-reference Sòm 73:26
  4. Cross-reference Sòm 78:55
  5. Cross-reference Sòm 77:6
  6. Cross-reference Sòm 16:8-11
  7. Cross-reference Sòm 4:7
  8. Cross-reference Trav 13:35
  9. Cross-reference Sòm 139:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.