Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 15

Yon sòm David

O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?

Kilès ki kab demere sou 1 mòn sen Ou an?

Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;

li ki pale verite a nan kè li a;

ki pa fè kout lang sou lòt,

ni fè vwazen li mal,

ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;

nan zye a sila yon vagabon meprize a,

men ki 2bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;

li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,

e li pa chanje menm;

Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,

ni 3li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.

Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

Source notes (3)
  1. Cross-reference Sòm 24:3
  2. Cross-reference Trav 28:10
  3. Cross-reference Egz 23:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.