Bib Sen An
Sòm Yo 14
Pou direktè koral la; yon sòm David
Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab. 1
Nanpwen ki fè sa ki bon.
SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki 2konprann, k ap chache Bondye.
Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi. 3
Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki 4manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se 5refij li.
O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a 6restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
Source notes (6)
- Cross-reference Wo 3:10-12
- Cross-reference Sòm 92:6
- Cross-reference Sòm 143:2
- Cross-reference Jr 10:25
- Cross-reference Sòm 46:1
- Cross-reference Sòm 85:1-2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.