Bib Sen An
Sòm Yo 13
Pou direktè koral la; yon sòm David
Jiskilè SENYÈ?
Èske Ou ap 1bliye mwen jis pou tout tan?
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
Pou konbyen de tan mwen va oblije 2
depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; 3
Fè zye m wè, pou m pa mouri;
pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” 4
epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
Men mwen va 5mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
Mwen va 6chante a SENYÈ a,
paske Li te aji ak bon kè avè m.
Source notes (6)
- Cross-reference Job 13:24
- Cross-reference Sòm 42:4
- Cross-reference Esd 9:8
- Cross-reference Sòm 25:2
- Cross-reference Sòm 52:8
- Cross-reference Sòm 96:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.