Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 12

Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd

Yon sòm David.

Sekou, SENYÈ, paske 1moun ladwati yo sispann egziste,

Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.

Yo pale sa ki fo a youn lòt. 2

Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.

Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,

ak lang ki 3pale gwo bagay yo;

ki 4te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.

Lèv nou se pou nou.

Se kilès ki kab mèt sou nou?”

“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,

koulye a, 5Mwen va leve”, pale SENYÈ a;

“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”

Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;

tankou ajan ki 6teste nan founo,

rafine nan tè sèt fwa.

Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.

Ou va 7prezève yo soti nan

jenerasyon sila a jis pou tout tan.

Mechan yo pwomennen toupatou tout kote

lè 8bagay ki lèd vin leve wo

pami fis a lòm yo.

Source notes (8)
  1. Cross-reference És 57:1
  2. Cross-reference Wo 16:18
  3. Cross-reference Dan 7:8
  4. Cross-reference Sòm 73:8-9
  5. Cross-reference És 33:10
  6. Cross-reference Pwov 30:5
  7. Cross-reference Sòm 37:28
  8. Cross-reference És 32:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.