Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 11

Pou direktè koral la; yon sòm David

Se nan SENYÈ a ke m 1kache.

Kijan ou kapab di a nanm mwen:

“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;

Paske, gade byen, mechan yo koube banza,

Yo 2fè flèch yo parèt sou kòd la,

pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.

Si 3fondasyon yo vin detwi,

se kisa moun dwat yo kab fè?”

SENYÈ a nan sen tanp Li an. 4

SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.

Zye Li veye.

Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

SENYÈ a 5sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;

men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

Sou mechan yo, Li va 6voye chabon cho tankou lapli;

dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

Paske Bondye dwat.

Li renmen ladwati.

Sila ki kanpe dwat yo va 7wè figi Li.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Sòm 2:12
  2. Cross-reference Sòm 64:3
  3. Cross-reference Sòm 82:5
  4. Cross-reference Rev 4:2
  5. Cross-reference Jen 22:1
  6. Cross-reference Sòm 18:13-14
  7. Cross-reference Sòm 16:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.