Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 10

Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?

Poukisa 1Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?

Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.

Kite yo 2kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.

Paske mechan an ap vin ògeye sou 3dezi kè li a;

li beni moun voras la,

e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.

Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,

Tout panse li se ke: 4“Nanpwen Bondye.”

Chemen pa li yo reyisi tout tan;

Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.

Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.

Li di a pwòp tèt li: 5“Mwen p ap ebranle menm;

Pandan tout jenerasyon yo,

mwen p ap gen pwoblèm ditou.” 6

Bouch li plen ak malediksyon, avèk

twonpe moun avèk oprime moun.

Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.

Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;

nan anbiskad yo, li 7touye inosan yo.

Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.

Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.

Li kache pou kenbe aflije yo;

li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen 8an.

Li akwoupi, li pare kò l;

konsa malere a vin tonbe

pa grif pwisan li yo.

Li pale a tèt li: 9“Bondye bliye.

Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”

Leve O SENYÈ!

O Bondye, 10leve men Ou wo!

Pa bliye aflije yo!

Poukisa mechan an te meprize Bondye?

Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.

Ou te wè sa, paske Ou te wè kont

mechanste ak agase moun pou pran sa an men.

Malere a ap depann de Ou menm;

Se Ou ki konn ede 11òfelen an. 12

Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!

Dekouvri mechanste li yo jiskaske

Ou pa twouve l ankò.

SENYÈ a se Wa a pou tout tan! 13

Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.

O SENYÈ, Ou te tande 14dezi a enb yo;

Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,

pou bay jistis a òfelen an avèk 15oprime a,

pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Sòm 22:1
  2. Cross-reference Sòm 7:16
  3. Cross-reference Sòm 94:3
  4. Cross-reference Sòm 14:1
  5. Cross-reference Rev 18:7
  6. Cross-reference Wo 3:14
  7. Cross-reference Sòm 94:6
  8. Cross-reference Sòm 140:5
  9. Cross-reference Sòm 10:4
  10. Cross-reference Sòm 17:7
  11. Cross-reference Sòm 68:5
  12. Cross-reference Sòm 37:17
  13. Cross-reference Det 8:20
  14. Cross-reference Sòm 9:18
  15. Cross-reference Sòm 9:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.