Bib Sen An
Sòm Yo 9
Pou direktè koral la; Yon sòm David
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak 1tout kè m;
Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;
Mwen va chante lwanj non Ou, O 2Pi Wo a.
Lè lènmi m yo vire fè bak, yo 3tonbe e peri devan Ou.
Paske Ou te bay soutyen a dwa m,
avèk koz mwen ki jis;
Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
Ou te fè chatiman nasyon yo;
Ou te detwi mechan yo;
Ou te 4efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt.
Ou te dechouke vil yo, jiskaske 5memwa a yo vin disparèt.
Men 6SENYÈ a la jis pou tout tan;
Li te etabli twòn Li pou jijman.
Li va jije mond lan avèk ladwati;
Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
Chante lwanj a SENYÈ a, ki 7rete nan Sion;
deklare pami pèp yo zèv Li yo.
Paske Sila ki egzije san an sonje yo;
Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.
Fè m gras, O SENYÈ;
gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo,
e 8fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
pou m kab pale tout lwanj a Ou menm.
Konsa, nan pòtay a fi Sion yo,
mwen kapab 9rejwi nan delivrans Ou.
Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a;
nan 10pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
Senyè a te 11leve tèt Li pou yo wè;
Li te rann jijman an.
Nan zèv a pwòp men Li, mechan an
kole nan pwòp pèlen li. Tan 12
Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a;
menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
Paske 13malere yo p ap bliye jis pou tout tan,
ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
Leve, 14O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen;
kite nasyon yo jije devan Ou.
Bay yo lakrent, O SENYÈ;
fè nasyon yo konnen ke se sèlman 15lòm yo ye. Tan
Source notes (15)
- Cross-reference Sòm 86:12
- Cross-reference Sòm 83:18
- Cross-reference Sòm 27:2
- Cross-reference Sòm 69:28
- Cross-reference Sòm 34:1
- Cross-reference Sòm 89:14
- Cross-reference Sòm 76:2
- Cross-reference Sòm 30:3
- Cross-reference Sòm 13:5
- Cross-reference Sòm 57:6
- Cross-reference Egz 7:5
- Cross-reference Sòm 49:14
- Cross-reference Sòm 9:12
- Cross-reference Nonb 10:35
- Cross-reference Sòm 62:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.