Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 8

Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.

Yon sòm David.

O SENYÈ, Senyè nou an,

A la non Ou gran sou tout latè!

Ou te 1fè parèt klè mayifisans Ou

piwo pase syèl yo! 2

Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,

Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,

pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.

Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, 3

lalin ak zetwal ke Ou te fè yo, 4

Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?

Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

Malgre, Ou te fè li yon 5ti kras pi ba pase Bondye,

e te kouwone li ak glwa avèk lonè!

Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.

Ou 6te mete tout bagay anba pye li:

Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,

zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,

ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.

O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

Source notes (6)
  1. Cross-reference Sòm 57:5-11
  2. Cross-reference Mat 21:16
  3. Cross-reference Sòm 136:9
  4. Cross-reference Sòm 144:3
  5. Cross-reference Jen 1:26
  6. Cross-reference Ef 1:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.