Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 7

Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.

O SENYÈ Bondye mwen an, 1nan Ou mwen kache.

Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,

sof ke li ta chire nanm mwen 2tankou yon lyon,

epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.

O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,

si gen 3enjistis nan men m,

si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,

oswa te 4piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,

kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen

jiskaske li pran l,

epi kite li foule lavi mwen jis atè.

Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan

Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;

leve Ou menm kont 5raj ladvèsè mwen yo.

Leve Ou menm pou mwen;

Ou menm ki te etabli jijman an.

Kite asanble 6 a tout pèp yo antoure Ou.

Gouvènen yo, depi an wo.

Se SENYÈ a ki jije pèp yo. 7

Fè m jistis O SENYÈ,

selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.

Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,

men etabli sila ki dwat yo.

Paske se ladwati Bondye ki 8fè prèv

nan kè avèk panse moun.

Boukliye mwen se avèk Bondye,

ki 9sove sila ki dwat yo.

Bondye se yon jij ki jis

e ki 10 rayi enjistis chak jou.

Si yon nonm pa repanti, L ap 11file nepe Li.

Li deja koube banza Li; Li prèt.

Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.

Li fè flèch ak shaf ki brile yo.

Gade byen, l ap lite nan mechanste.

Wi, li plante jèm mechanste a,

epi li 12vin bay nesans a tout sa ki fo.

Li te fouye yon twou, kreve l nèt,

e vin 13tonbe nan twou ke li te fè a. 14

Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,

e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.

Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a 15selon ladwati Li.

Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Sòm 31:1
  2. Cross-reference Sòm 57:4
  3. Cross-reference I Sam 24:11
  4. Cross-reference I Sam 24:7
  5. Cross-reference Sòm 138:7
  6. Cross-reference Sòm 22:27
  7. Cross-reference Sòm 18:20
  8. Cross-reference Jr 11:20
  9. Cross-reference Sòm 97:10-11
  10. Cross-reference Sòm 90:9
  11. Cross-reference Det 32:41
  12. Cross-reference És 59:4
  13. Cross-reference Job 4:8
  14. Cross-reference Est 9:25
  15. Cross-reference Sòm 71:15-16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.