Bib Sen An
Sòm Yo 6
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
Yon sòm David.
O SENYÈ, 1pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni ban m chatiman nan fache Ou.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil. 2
Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
epi 3nanm mwen fè gwo chagren.
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
Retounen, O SENYÈ, 4fè nanm mwen chape.
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
Paske mò yo 5pa rele non Ou.
Nan andwa kote mò yo ye a,
se kilès k ap bay Ou remèsiman?
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. 6
Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan. 7
Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo. 8
Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
SENYÈ a te tande demand priyè mwen.
SENYÈ a 9te resevwa lapriyè mwen.
Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.
Yo va vire fè bak 10sibitman.
Yo va vin wont anpil.
Source notes (10)
- Cross-reference Sòm 38:1
- Cross-reference Os 6:1
- Cross-reference Sòm 88:3
- Cross-reference Sòm 17:13
- Cross-reference Ekl 9:10
- Cross-reference Sòm 42:3
- Cross-reference Job 17:7
- Cross-reference Mat 7:23
- Cross-reference Sòm 66:19-20
- Cross-reference Sòm 73:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.