Bib Sen An
Sòm Yo 5
Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David.
Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ.
Konsidere refleksyon mwen yo.
Koute bri kri sekou mwen yo, 2
Wa mwen e Bondye mwen.
Pou Ou menm, mwen ap priye.
Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen.
Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo.
M ap3tann, m ap veye.
Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste. 4
Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou. 5
Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
Ou 6detwi sila ki pale sa ki fo yo.
SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,
ki twonpe moun.
Men pou mwen, pa gran lanmou
dous Ou a mwen va antre lakay Ou.
Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène
mwen nèt an adorasyon.
O SENYÈ, mennen m 7nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo.
Fè chemen Ou dwat devan mwen.
Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo.
Anndan yo se pouriti menm. 8
Gòj yo se yon tonm ki louvri.
Yo fè flatè ak lang yo.
Kenbe yo koupab, O Bondye.
Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe!
Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se 9rebèl yo ye kont Ou.
Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, 10fè kè kontan.
Kite yo toujou chante ak kè kontan,
akoz Ou fè abri pou yo.
Kite sila ki renmen non Ou yo kapab
fè kè kontan nan Ou.
Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,
Ou ki 11antoure li avèk gras Ou,
tankou yon boukliye.
Source notes (11)
- Cross-reference Sòm 54:2
- Cross-reference Sòm 84:3
- Cross-reference Sòm 130:5
- Cross-reference Sòm 92:15
- Cross-reference Sòm 11:5
- Cross-reference Sòm 52:4-5
- Cross-reference Sòm 31:1
- Cross-reference Wo 3:13
- Cross-reference Sòm 107:10
- Cross-reference Sòm 64:10
- Cross-reference Sòm 32:7-10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.