Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 4

Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David

Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;

Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. 1

Fè m gras e tande lapriyè mwen.

O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?

Jiskilè ou va renmen sa ki san valè

e 2tante twonpe moun? Tan

Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.

SENYÈ a 3tande lè m fè apèl Li.

Tranble, men 4pa fè peche. 5

Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

Ofri sakrifis ladwati yo. 6

Mete konfyans nan SENYÈ a.

Anpil ap di: 7“Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”

SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

Ou te mete 8lajwa nan kè m plis pase

lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

Source notes (8)
  1. Cross-reference Sòm 25:16
  2. Cross-reference Sòm 31:18
  3. Cross-reference Sòm 6:8-9
  4. Cross-reference Ef 4:26
  5. Cross-reference Sòm 77:6
  6. Cross-reference Sòm 37:3-5
  7. Cross-reference Job 7:7
  8. Cross-reference És 9:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.