Bib Sen An
Sòm Yo 3
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a
O SENYÈ, gade kijan 1lènmi mwen
yo ap miltipliye;
Anpil moun leve kont mwen.
Anpil moun pale de nanm mwen,
“Nanpwen 2delivrans pou li nan Bondye.” Tan
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki 3fè tèt mwen leve a.
Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te 4reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
Mwen 5te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
Mwen p ap pè menm dè milye de moun
ki ta 6pran pozisyon kont mwen de tout kote.
Leve, O SENYÈ!
Sove mwen, O Bondye mwen!
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.
Ou te 7kraze dan a mechan yo. 8
Delivrans se nan SENYÈ a.
Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
Source notes (8)
- Cross-reference II Sam 15:12
- Cross-reference Sòm 22:7-8
- Cross-reference Sòm 27:5
- Cross-reference Sòm 4:3
- Cross-reference Lev 26:6
- Cross-reference Sòm 118:10-13
- Cross-reference Sòm 57:4
- Cross-reference Sòm 28:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.