Bib Sen An
Sòm Yo 2
Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,
e pèp yo fòmante yon vye bagay?
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,
e 1kont onksyone pa Li a:
“Annou 2chire chenn sa yo,
e jete kòd ki mare nou yo!”
Sila ki chita nan syèl la 3ri;
SENYÈ a ap moke yo.
Anplis, Li va pale avèk yo nan 4kòlè Li.
Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
Men pou Mwen menm,
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, 5
mòn sen Mwen an.
Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se 6Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
Mande Mwen, e Mwen va bay Ou 7
nasyon yo kon eritaj,
jis rive nan 8dènye pwent latè
kon posesyon pa Ou.
Ou va 9kase yo avèk yon baton fè,
Ou va 10kraze yo tankou veso kanari.”
Konsa, O wa yo, 11sèvi ak sajès.
Fè atansyon, O jij sou latè yo.
Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk 12tranbleman.
Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,
epi ou ta mouri nan chemen an.
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.
A la beni se tout sila ki 13kache nan Li.
Source notes (13)
- Cross-reference Jn 1:41
- Cross-reference Jr 5:5
- Cross-reference Sòm 37:13
- Cross-reference Sòm 21:8-9
- Cross-reference Sòm 48:1-2
- Cross-reference Trav 13:33
- Cross-reference Sòm 22:27
- Cross-reference Sòm 67:7
- Cross-reference Rev 2:26-27
- Cross-reference Sòm 28:5
- Cross-reference Pwov 8:15
- Cross-reference Sòm 119:119-120
- Cross-reference Sòm 5:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.