Bib Sen An
Sòm Yo 1
Liv I
Beni se nonm ki 1pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
men 2gran plezi li se 3nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
Li va tankou yon 4pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
Mechan yo pa konsa.
Yo tankou 5pay ke van an pouse ale.
Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz 6jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
Paske SENYÈ a 7konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.
Source notes (7)
- Cross-reference Pwov 4:14
- Cross-reference Sòm 119:14-35
- Cross-reference Jos 1:8
- Cross-reference Sòm 92:12-14
- Cross-reference Sòm 5:5
- Cross-reference Sòm 9:7,8,16
- Cross-reference Na 1:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.