Bib Sen An
Job 42
Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
“Mwen konnen ke 1Ou ka fè tout bagay,
e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
Ou te mande: ‘Kilès sila ki 2kache konsèy san konesans lan?’”
“Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;
bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;
Mwen va 3mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
“ Konsa, Mwen te konn 4tande de Ou nan zòrèy mwen yo,
men koulye a, zye m wè Ou.
Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,
e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, 5tankou sèvitè Mwen Job te fè a. Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon 6ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.”
Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale fè sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.
SENYÈ a te 7restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis. Konsa, tout 8frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò. 9
SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik. 10Li te gen sèt fis ak twa fi. Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc. Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo. Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te wè fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon. Konsa, 11Job te mouri, granmoun e plen ak jou.
Source notes (11)
- Cross-reference Jen 18:14
- Cross-reference Job 38:2
- Cross-reference Job 38:3
- Cross-reference Wo 10:17
- Cross-reference Job 40:3-5
- Cross-reference Job 1:5
- Cross-reference Sòm 85:1-3
- Cross-reference Job 19:13
- Cross-reference Job 1:10
- Cross-reference Job 1:2
- Cross-reference Jen 15:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.