Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 28

Yon sòm David

A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!

Wòch mwen an, pa vin soud devan m,

paske si Ou 1rete silan devan mwen,

mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.

Tande 2vwa a siplikasyon mwen yo

lè m kriye a Ou menm pou sekou,

lè m leve men m vè sanktyè sen Ou an. 3

Pa rale m sòti avèk mechan yo,

avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,

pandan mechanste nan kè yo.

Rekonpanse yo 4selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.

Rekonpanse yo selon zèv men yo.

Remèt yo tout rekonpans pa yo.

Akoz yo 5pa okipe zèv a SENYÈ yo,

ni travay men Li yo.

Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.

Beni se SENYÈ a,

akoz Li 6te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

Kè m 7mete konfyans nan Li, e mwen

jwenn sekou.

Pou sa, kè m leve wo nèt.

Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

SENYÈ a se 8fòs yo.

Li se yon defans pou sove onksyone Li yo. 9

Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.

Devni bèje yo tou,

e bay yo soutyen jis pou tout tan.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 83:1
  2. Cross-reference Sòm 140:6
  3. Cross-reference Sòm 26:9
  4. Cross-reference Rev 18:6
  5. Cross-reference És 5:12
  6. Cross-reference Sòm 28:2
  7. Cross-reference Sòm 13:5
  8. Cross-reference Sòm 20:6
  9. Cross-reference Sòm 80:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.