Bib Sen An
Sòm Yo 29
Yon sòm David
Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.
Adore SENYÈ a 2avèk tout sa ki sen.
Vwa SENYÈ a sou dlo yo.
Bondye glwa a 3 fè tonnè gwonde, eklate.
SENYÈ a sou anpil dlo.
Vwa SENYÈ a gen 4gwo fòs.
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.
Wi, SENYÈ a fann an mòso 5 bwa sèd Liban yo.
Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e 6
Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
Vwa SENYÈ a souke savann nan.
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
Vwa SENYÈ a fè 7bich la fè pitit.
Li fè forè a vin toutouni.
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.
Wi, SENYÈ a chita kon 8Wa jis pou tout tan.
SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk 9lapè.
Source notes (9)
- Cross-reference I Kwo 16:28-29
- Cross-reference II Kwo 20:21
- Cross-reference Job 37:4,5
- Cross-reference Sòm 68:33
- Cross-reference Sòm 104:16
- Cross-reference Det 3:9
- Cross-reference Job 39:1
- Cross-reference Sòm 10:16
- Cross-reference Sòm 72:3
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.