Bib Sen An
Sòm Yo 30
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David
Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou 1te leve mwen.
Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te 2geri mwen.
O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a 3sen non Li.
Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire 4pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen,
“Mwen 5p ap janm ebranle.”
O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm.
Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele.
A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
“Ki benefis ki genyen nan san mwen
si mwen 6desann nan gwo fòs la?
Èske pousyè a kab louwe Ou?
Èske li va deklare fidelite Ou?
Tande, O SENYÈ e fè m gras.
O SENYÈ, 7ban m soutyen.”
Ou te chanje doulè mwen, e
sa te fè m vin danse ak lajwa;
Ou te 8demare rad twal sak mwen an,
e te mare senti m avèk kè kontan.
Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 3:3
- Cross-reference És 53:5
- Cross-reference Os 12:5
- Cross-reference II Kwo 4:17
- Cross-reference Sòm 10:6
- Cross-reference Sòm 28:1
- Cross-reference Sòm 27:9
- Cross-reference És 20:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.